Ki mófotip ou?

Se vre ke nan gym, gen diferan moun kap pousuiv diferan objektif. Fi ki vin pedi grès, moun ki fin akouche ki ta renmen pran fóm avan yo, fi ki wè yo tró mèg e ki bezwen grosi ou devlope yon pati nan kó yo(trè souvan janm ou dèyè), gason ki trouve yo mèg e ki ta renmen grosi, nèg ki gen tróp grès ki ta renmen gen kó pou yo poste sou plaj etc. Chak moun sa yo gen metód pa yo selon sa y’ap chèche men m kwè ke anpil nan nou gen omwen 1 zanmi ki manje nenpót sa’l vle,ki pa vrèman fokis sou koze spó e ki toujou rete ak on fóm ke nou menm n’ap travay anpil pou’n genyen e ki ap koute nou anpil sakrifis avan sa. Dè fwa’w konn panse’w gon bagay ou pa fè byen nan manje ou nan spó, sa konn fristre’w e fè’w dekouraje, ou konn ap mande’w si se nan move ras ou soti, ak on pakèt lót kesyon k’ap domine’w. Mwen gen yon bon nouvèl pou tout moun ki viv sitiyasyon sa a. Gen 3 mófotip e yo chak gen karakteristik yo, jan pou yo manje e jan pou yo fè spó. Depann de objektif ou genyen, yon tip ka ofri’w plis avantaj ke on lót moun. Nan ki kategori’w ou e kisa sa vle di? Daprè sikológ William Sheldon gen 3 mófotip.

Endomóf

Se on moun ki gen on system dijesyon trè lan aló yo asimile grès rapid e w’ap toujou remake ke moun sa yo gen plis tandans ret gro oubyen pran pwa vit, gen kó mou e pa gen tras sou kó yo ditou. Lè yo pako ap fè spó, yo gen gro vant, zepól yo tonbe, kwis yo ak janm yo mou e gro(Foto1). Nan tanperaman se de moun ki trè souvan gen kè kontan, anvi trip e renmen manje selon jan yo santi yo(genyen ki konn di’w depi yo strese fók yo pran anpil sik pa egzanp). Li konseye pou moun sa yo kontrole kantite sa y’ap manje ou kalori ke y’ap konsome sitou si yo pap viv on vi ki trè aktif.

Yo dwe manje 5 a 8 fwa nan jounen pou yo kapab akselere metabolis yo e toujou sonje akonpanye sa y’ap manje a de proteyin(Nou te déjà pale de manje ki rich an proteyin yon an on lót atik), e yo dwe rete lwen de manje sikre(sik rapid,gato,bonbon,etc) ak move grès. Men apa de manje yo ke yo dwe veye, Endomóf la “oblije” fè anpil spó, spesyalman aerobik,cardio, pou’l depanse kalori ke kó’l déjà pap depanse fasil yo sinon li trè probab ke pi devan li konfronte ak problem kè, sik ak tansyon. Youn nan eleman ki pi pozitif nan kategori sa se ke yo gen anpil fós aló lè yo kómanse gen andirans, ap leve pwa e grès ap diminye, yo vrèman gen bèl rezilta paske muscl yo déjà gro, e yo vin byen defini.

Foto1

IMG-20150601-WA0000

Ektomóf

Trè souvan moun sa yo parèt mèg ou mens men li fasil pou yo gen on bèl kó si yo fè spó. Avan sa w’ap remake ke yo gen zepól fèmen, pye fen, bra long epi zo lestomak yo parèt(Foto2). De tanperaman yo sansib anpil,enève fasil lè yon bagay deranje yo e de tanzantan yo renmen rete poukont yo. Yo gen yon gro avantaj paske metabolis yo rapid anpil aló yo kapab e yo dwe manje anpil, yo pa gen pou enkyete yo de pran grès ou de gro vant.

Youn nan avantaj yo genyen se ke yo gen anpil andirans e yo ka fè spó(basket,foutból,kouri etc) pandan lontan san yo pa janm fatige men leve pwa pa osi fasil pou yo. Li fasil pou yo gen yon bèl kó byen trase men youn nan pi gro problem yo rankontre se lè yo bezwen pran pwa, li ta konseye pou yo manje anpil e pa fè tróp egzèsis cardio ansuit pa fè plis ke 45 minit a 1 è d tan ap fè spó paske menm lè yo pa fè’l, kó yo dijere vit e boule anpil kalori natirèlman. Li konseye pou yo pran anpil kalori, anpil proteyin(jiska 2g /kilo pwa kó yo) epi anpil vitamin A ak bon grès(lwil d oliv, pistach,zanmann,bè etc)

Foto2

IMG-20150601-WA0002

Mezomóf

Ant moun ki dwe fè anpil travay pou megri yo e lót ki pa pran pwa fasil yo genyen yon kategori ki natirèlman fèt tou atletik e gen bèl fizik. Yo trase kó yo fasil e yo pran pwa pi fasil ke on ektomóf men sa pa vle di pou otan yo gendwa manje nenpót kijan e neglije egzèsis fizik yo. Malgre se tip fizik ki pi fasil pou antrene, fók yo byen balanse woutin spó yo si yo vle grosi e kalite manje ke y’ap manje a enpótan anpil e pou yo manje bagay ki natirèl, anpil protein epi legim ak fwi. Depi avan yo fè spó, moun sa yo gen zepól laj e kare, vant plat e trase, ren fen (Foto3)etc.

Foto3

IMG-20150531-WA0005

Kounye a li enpótan pou chak moun idantifye nan ki kategori yo ye, ki karakteristik li e kisa li egzije selon objektif ke yo chak genyen. Nou ka fè plis rechèch sou tip nou e nou ka konprann rejim nitrisyonis nou ap ba nou pi byen lè’n enfóme sou sa. Sa ka rive ke’w gen kelke karakteristik nan 2 kategori oubyen ke’w vin chanje men kèlkeswa tip kó’w e objektif ou, disiplin ak travay konstan ap ba’w rezilta ke’w bezwen an kanmenm, rete fokis, chèche enfómasyon, epi pale ak moun ki gen menm objektif ak ou on fason pou youn kapab motive lót. E pa bliye chèche asistans moun ki kalifye nan domèn nan pou gide’w(nitrisyonis, coach, doktè etc)

Sa’w dwe konnen lè’w ap fè spó?

Semèn pase, mwen avèk kèlke lót moun ki abitye fè spó nan gym nan te deside fè on ti aktivite jis pou youn ka sosyalize ak lót epi nan konvèsasyon nou te genyen, nou vin ap pale de objektif fitness nou e kijan nou santi n’ap vanse par rapó avèk yo. Mwen te trè etone wè ke gen moun ki vin nan gym lan ki pa menm gen objektif spesifik. Paske gen moun ki pa konn konbyen yo peze, kisa yo pèdi oubyen kisa yo genyen, ki tip egzèsis ki bon pou sa yo ta renmen. Se sa’k fè jodi a m ta renmen nou gen repons a kèlke kesyon ke’m pral poze nou ki ap ede’n evalye tèt nou e evite aksidan ak lót danje.

  • Konbyen’w peze ?

Majorite moun kómanse fè spó pou youn nan rezon sa yo. Oswa ‘l trouve’l tró gro e’l ta renmen pèdi pwa oubyen li santi’l tró mèg e ‘l ta renmen grosi. Nan tou 2 ka sa yo, fók ou gen on kote’w soti, fók ou konn kote’w prale e fók ou evalye tèt ou tout tan e konn kisa’w ka amelyore nan woutin ou pou raproshe’w de objektif ou. Aló li konseye pou’w pran pwa’w peryodikman(li ka pa jou, pa semèn, sa pral depann d ou).

balance

  • Ki manje’w renmen e ki manje’w pa renmen ?

Trè souvan, remake ke depiw pale on moun de rejim, li panse li bezwen on tan pou’l prepare’l mantalman paske se on pakèt bagay bizar e ki pa gen gou ke’l pral « oblije »  manje. On bon rejim baze sou kantite, kalite e varyete manje e selon sa’w te konn manje, nitrisyonis la ap eseye ba’w on plan ki apropriye e ke’w ka suiv avèk le mwens fristrasyon posib.

  • Èske’w fè alèji ?

Sa w’ap manje enpótan anpil pou’w kapab atenn objektif ou. Aló menm si’w gen ase enfo pou’w ta ka fè rejim ou poukont ou, ou oblije konnen si’w pa alèjik a sèten manje. Si se on nitrisyonis ou ta konsilte, se on devwa pou’w sinyale’l tout alèji’w fè.

  • Èske’w abitye malad ? ki maladi’w konn genyen ?

Se vre ke pratik fè spó ak byen manje fè sante’w pi djanm menm jan tou gen ka ki merite on atansyon spesyal de on coach ak on nitrisyonis ki fóme. Pa egzanp, on moun ki gen problèm kè, ki fè sik, oubyen ki asmatik dwe pran anpil prekosyon lè’l ap fè spó e si’l gen on coach ki ap travay avèk li, li konseye ke coach la o kouran de eta sante’l pou’l ka adapte program nan e evite mete vi’l an danje.

  • Èske’w gen on program ?

Gen moun ki al nan gym chak jou e se lè yo rive anndan yo gad materyèl yo e deside ki pati nan kó yo y’ap travay e konbyen tan y’ap fè. Sa vin fè ke on jou li k vini li fè 1h tan ap travay epi on lót jou li pa ret 20 minit. Apa de ke pratik sa fè’w pa travay ase ou travay tróp, puiske se lè’w bouke w’al lakay ou, men tou ou pa repoze pati’w travay yo byen ki vin fè ke devlopman muscl yo ralanti. Li valab pou moun ki pa fè spó nan gym yo tou.

Gen anpil lót enfómasyon ki ka ede’w anpil nan fè spó. Pa egzanp, èske’w fè aksidan deja, si wi depi kilè, ki domaj fizik ou te genyen ? Eske’w fè operasyon déjà, si wi, kibó e ki jan de operasyon’l t ye ?Èske’w ansent oubyen apè’n akouche ? Ki pousantaj grès ak muscl nan kó’w ?

Nan tout sa w’ap fè nan lavi a fók ou gen on objektif, fók ou konn kijan ou ka atenn li e fók ou ap gad evolisyon’w e fè ajisteman de tanzantan. Aló pou moun k’ap fè spó li pa diferan e li trè enpótan. Yon coach ka vrèman gide’w nan fè eksperyans ou pi agreab e fè’w progrese non sèlman pi vit, men san ‘l pa mete’w nan okenn sitiyasyion danjere. Li ap di’w kijan w’ap fè gen tout enfómasyon yo, ki egzèsis ki apropriye a ou , motive’w e akonpanye’w pandan tout prosesis la.

Poukisa’w pa fè spó?

Aprè entèvyou semèn pase a avèk yon moun ki non sèlman on doktè men ki fè on eksperyans trè rich nan koze fitness, mwen te jwenn anpil moun ki motive ak tout sa ki te pale a e ki te vrèman anvi pran on desizyon pou chanje. Youn nan yo , bon zanmi’m Michel vin di’m ke atik la motive’l e li ta renmen kómanse ak rejim li e fè spó men kóm li fèk depanse nan machin li a koz de on aksidan, li ap pran on ti tan pou’l rasanble on bèl kach pou sa. Nan rès konvèsasyon an, li exksplike’m ke li konn rejim koute chè epi fók li retounen nan gym etc. Sa vin fè’m realize ke anpil nan nou se pa konsyan nou pa konsyan de enpótans fitness la oubyen nou pa ta vle gen on pi bèl kó(gen vant plat, pran ti pwa, boule grès etc) men gen de ide ki chita nan tèt nou ki kreye on gro andikap. Mpral eseye di nou sa’m panse de sa’m tande pi souvan yo daprè eksperyans pa’m.

  • Rejim koute chè

M gen yon zanmi’m ki toujou ap di’m ke’l pa t’ap janm met $60 nan on gym paske ‘l trouve l chè. Semèn pase a li tonbe sou on telefón S5 tou nèf pou 340 dola, se pa de kontan’l te kontan lè’l te fin achte’l. Se pou’n ka konprann ke chè se on bagay ki relatif e sa gen rapó dirèk avèk priyorite nou chak. Daprè eksperyans pa’m, lè w’ap fè rejim sa ka rive ke’w depanse plis kób si’w pat konn manje ase men gen anpil nan sa’w te konn manje ou bwè avan ke’w pral ranplase pa de lót bagay ki ap fè’w kó’w pi byen.( pa egzanp ji natirèl ak frui nan plas bwason gazez).

An plis si n’ap pale de chè, fók nou konsyan ke depans nou pè fè kounye a nan manje byen gen pou’l fèt kanmenm paske lè laj kómanse antre, maladi kómanse atake’w tout tan, non sèlman ou pral depanse anpil  kay doktè e lè’l fin preskri’w kèk medikaman pou ede’w amelyore, li pral mande’w kisa’w manje, èske’w fè ti egzèsis fizik tout tan ? Dè fwa li konn tró ta paske maladi sa konn prèske fini avèk ou.

  • Pa gen tan(ou kób) pou al enskri nan gym

Gen anpil rezon ki ka fè on moun vle enskri nan on gym, mwen konn moun ki ale chak jou ki gen program yo y’ap suiv e ki gen objektif yo bezwen atenn menm jan tou m konn lót moun ki jis ale pou sosyalize , mete anbyans ou jis pase on tan rilaks nan apremidi. Menm jan tou gen moun ki fè rechèch, ki ap suiv program e fè egzèsis anndan lakay yo ki jwenn bon rezilta, dè fwa ki konn fè eksperyans pi pozitif ke anpil moun ki peye gym.

Aló se pa on kesyon de ale on kote ni depanse kób ou pou fè spó menm si gen moun ki fè’l paske yo gen yon group moun ki antrene avèk yo ki motive yo anpil, se plis konnen kisa’w vle, konn kijan’w ka atenn objektif ou epi pran desizyon ki ale ak stil de vi’w. Si’w pa gen tan, on trainer avize ka propoze’w on program 20 a 30 minit pa jou ki kapab fè on gro diferans.

  • Mwen santi’m spesyal jan’m ye a,mwen pa bezwen “defóme” kó’m

Mwen te trè etone premye fwa on moun ban’m fraz sa kóm on rezon ke‘l pa fè spó men aprè ke m jwenn plizyè moun(sitou fi) ki di’m sa, mwen te fon chita reflechi e gade ki lojik ki dèyè fraz sa e’m te fini pa wè ke se pa sèlman on fraz san sans li ye men majorite moun sa yo se tèt yo y’ap bay manti e eseye jwenn on filozofi pou yo ka alèz nan parès yo. Kèlke swa sa w’ap fè nan lavi a, la santé ak on bèl kó pap janm deranje pèsón e l’ap ede’w nan renmen tèt ou plis e viv pi byen ak antouraj ou.

 

Gen anpil lót ekskiz toujou tankou moun ki pa ka fè spó poukont yo ki toujou di ke fók yo gon moun ki pou ale ak yo, fi ki konn di ke yo pa vle gen kó gason, moun ki di ke yo pa janm malad aló yo panse yo gen bon santé(san yo pa vizite on medsen pou yo konfime sa e ki gendwa ap detwi kó’l chak jou ak move abitid), genyen sa’k di’w YOLO, lavi a tró kout pou y’ap met strès ki pa nesesè nan lavi yo e mwen menm jwenn ki jis admèt ke se parès.

Nan mond lan gen 2 sót de moun, moun ki pran swen tèt yo ak lót yo. E gen on sèl bagay ki fè diferans ant yo 2 a se ke gen youn ki deside aji e gen lót ki jwenn ekskiz chak jou lè yo pa vle fè on bagay. Aló oumenm ki pap fè spó e ki pa vrèman veye sa w’ap manje, mande tèt ou ki rezon ke’w pa fè sa e gade byen si li valab oubyen si’w fè pati de dezyèm kategori moun ki pap fè efó, menm si o fon yo konnen l’ap bon pou yo paske se youn nan bagay ke lajan konn pa ka fè anyen pou ou lè tró ta bare’w.

 

 

Yves Marcelin Borno

Entèvyou sou fitness ak Dr Mathurin

Semèn pase aprè ke mwen fin poste on foto on demwazèl ki pèdi plis ke 100 liv nan 1 an, m t jwenn anpil moun di’m ke li pa posib. Mwen pat konn ti dam lan pou’l te ka ede’m defann foto a,men gen yon kólèg mwen ki reponn anba foto a e pale d eksperyans pa’l ki pa tró diferan de sa’k nan foto a. Aló sa vin banm ide pou’m fè’l pataje eksperyans li avèk nou e fè’n konprann ke atenn objektif nou nan fitness pa osi enposib ou difisil ke jan anpil nan nou panse a.

Yves Marcelin Borno : Fè yon prezantasyon tou kout pou nou.

Laurent Daniel Mathurin : Mwen se Laurent Daniel Mathurin,32 zan, 240 liv, 1 mèt 82,medsen jeneralis, kowódinatè TB nan Gheskio, papa pitit, antreprenè e on akro a fitness.

YMB : Dpi kilè’w ap fè spó e kisa kite pouse’w kómanse?

LDM: Monchè depi nan adolesans, mwen te toujou fè spó jiskaske a 19 an m vin antre nan fakilte a,mwen kanpe pandan 14 an. Ane dènyè, nan mwa Out,mwen te peze plis ke 300 liv epi nan on reyinion fanmi kouzen’m ak frè’m banm defi poum megri an desanm. M te toujou anvi fè sa e antan ke moun ki renmen leve defi e challenge tèt mwen, sa vin ban’m motivasyon e m vin pran sa trè o serye nan fen mwa desanm 2014. M kómanse fè spó regilyèman, fè rechèch, etidye, aprann e konprann nitrisyon ak diferan jan fitness yo paske pou’m te atenn objektif mwen, fok m te travay di e avek anpil entelijans. Donk se la tout bagay kómanse.

YMB : M wè’w mansyone nitrisyon, kóm nou konnen fitnès pa mache san on bon alimantasyon,èske li te fasil pouw chanje fason’w manje ?Pataje experyans ou sou pwen sa avèk nou.

LDM : Fók m di’w ke antan ke medsen, m trè byen plase pou konprann ke youn nan premye bagay ki te fè’m obèz se te move abitid ak ijyèn alimantè . Pa egzanp,manje nenpót bagay lannuit oubyen fè jounen san manje prèske anyen nan monte desann nan okipasyon’m, pat gen on planifikasyon sou afè manje vrèman ni on kontról. Epi lót aspè a se kalite sa w’ap manje a, si w’ap manje anpil grès ak bagay sikre, tout pral stoke kóm grès nan kó’w. Aló nan ka pa’m nan se te tou 2.

Osito ke’m pran konsyans e konprann sa, m chita reflechi sou jan m’ap viv, pran on desizyon e kómanse óganize m. O kómansman li pat senp paske M vin pa kapab manje nenpót kibó ankó, pa gen afè chen janbe e menm lè m ale nan dine, M’ oblije aprann kontrole’m e fè dè chwa. Men dpi’w konn sa’w vle, w’ap fè tout sakrifis pou’w jwenn sa w’ap chèche a. M vin óganize ak pèsonèl lakay mwen, epi de tanzantan, pi bon abitid ap pran plas ansyen yo jiskaske ‘l vin antre nan woutin mwen e li vin toutafè nómal.

YMB : Apa de abitid manje, ki lót chanjman’w remake nan diferan aspè nan lavi’w depi’w deside fè fitnness ?

LDM :Bon lè’m antre nan program mwen e ke’m ap progrese, m rann mwen kont kijan’m pa t’ap viv menm avan. Li chanje tout aspè nan vi’m. Premye bagay se sante’m, ansuit m pi alèz pou fonksyone, m respire byen, m pi konfótab nan po’m, m reflechi pi byen,m gen lontan plis enèji ak fokis sou travay mwen. San konte m oblije fè nouvo shopping(griyen dan). An plis, disiplin li egzije’m lan parèt nan tout aktivite ke m’ap regle paske’l ban’m abitid planifye sa’m pral fè, analize rezilta’m tout tan aló ‘m vin pi byen jere vi’m(lakay,biznis etc).

IMG-20150423-WA0013

YMB : Ok,jan bagay sa chanje lavi’w la, nou ka konprann jan’l enpótan pou ou, ki objektif ou genyen avèk li?

LDM : Premye objektif mwen se te leve defi a e’m rive pèdi 70 liv nan 3 mwa, men lè’m fin fè’l li vin ouvè je’m sou on lót mond ki se estetik. M te trouve pèdi 70 liv la tró fasil, aló mwen vle transfóme nèt e redui kantite grès nan kóm toujou pou’m ka trase plis e nan 8 mwa pou’m pase de fat a well fit(byen kanpe).

Men fók m di tou ke nan fè rechèch pou konn plis sou nitrisyon, e antre pi fon nan diferan tip de egzèsis yo, rezilta mwen yo tèlman rapid ke moun nan anviwonman’m kómanse mande’m kijan’m fè e kijan yo ka fè sa tou. E m vin gen on lót defi otomatikman pou ede anpil moun pou chanje lavi yo menm jan’m’ap fè’l la.

YMB : Pataje on bèl eksperyans ou fè nan fitnès avèk nou ?

LDM : Nan vi fitness la, chak jou m tèlman fè bèl eksperyans ke li difisil pou’m site youn.Men sot nan konpliman mou nap fè’m chak jou oubyen sezisman ak admirasyon moun ki gen lontan yo pa wè’m ki sote sou mwen. M satisfè anpil lè’m ap gade’m nan glas e realize kantite progrè’m fè.

Finalman youn nan pi bèl plezi mwen se lè’m ap fè spó ak lót zanmi’m(gym oubyen lót spó tankou foutból), lè tout moun bouke, mwen apèn ap transpire e’m santi’m tou nèf.

YMB : Yon period difisil?

LDM :M te gen 2 semèn vakans kote ke’m pat gen posibilite suiv rejim mwen a koz d lojistik kote’m t ye a, m te pran 7 liv ki pa’t vrèman fè’m plezi.

YMB: Ok, e ki konsèy ou gen pou moun ki pa pratike okenn spó e ki pa vrèman veye sa y’ap manje ?

LDM: Pou mesye dam ki ap pratike on move ijyèn alimantè m’ap jis raple:

  • Ou se sa’w manje.
  • Chak jou’w ap manje nenpót jan, se 1è tan ‘w retire sou esperans vi’w.
  • Chita reflechi a kisa’w pral sanble e eta sante’w lè’w gen 40 50 an.

Èske w vle on ti manmi ou papi ki sou chèz roulant dpi 65 an yo oubyen yon granmoun chèlbè an sante ki ka jwe foutból ak pitit pitit li a 75 80 an. Chwa sa depann de nou menm sèl e desizyon an se pa ni demen ni nan on mwa pou’n pran’l, se jodi a menm.

YMB : Yon dènye mesaj pou tout lektè nou yo ?

LDM : Mesye dam ki pè gad tèt yo nan miwa, ou ki oblije eseye tout rad nan pandri yo lè y’ap sóti avan yo jwenn youn ki chita sou yo,ou ki pè montre tèt yo an piblik paske yo jennen, oubyen ki jis pa alèz nan po yo, aprann ke jodi a li konsa, men demen ou ka posede on lót kó ki fè’w plezi(grosi, megri etc) depann de objektif ou. Se 2 bagay nou bezwen pou atenn objektif nou,detèminasyon epi konstans. Epi chèche èd on bon nitrisyonis ak yon personal trainer. E li pi konseye pou’w chwazi on moun ki déjà fè sa’w ta renmen fè a.

Enpotans egzèsis fizik

Jan w’ap manje ka ede’w byen viv oubyen fè’w depanse anpil lajan nan mache kay doktè pou chèche solisyon a pakèt problèm santé k’ap toumante’w. Anpil nan nou konn sa, genyen ki fè chwa veye sa y’ap manje, gen lót ki panse ke kóm yo pako santi anyen, ke santé yo djanm. Men souvan lè’w al kay doktè pou nenpót maladi’w genyen, lè’l fin preskri’w medikaman, li toujou poze’w kesyon sou jan’w manje e ba’w ti konsèy sou sa. Maten an, sou on emisyon ke’m renmen suiv Solidarite Sante, on doktè t’ap pale de opresyon e lè yo mande’l dènye mo’l sou sa ki sot di a, li di ke avèk on bon alimantasyon epi on minióm egzèsis fizik, ou ka limite enpak maladi a sou lavi’w. Sa vin fè’m panse ak on lót aktivite ki mache tèt kole ak manje ki se egzèsis fizik.

Pou kómanse m’ap tou di ke ou oblije fè spó, menm si’w di’m ou santi’w byen nan po’w, jan Bondye fè’w la ou se on kreati spesyal (Se sa on bon zanmi’m t’ap di’m yèswa pou’l explike’m poukisa’l bay klèb spó’l vag e ke’m bay bagay sa tróp enpótans nan lavi’m)etc, mwen dakó ak ou men sa pa on exkiz ni on pretèks pou’w pa fè spó paske kontrèman ak sa anpil moun panse, tout moun ki fè spó se pa alèz yo pa alèz ak kó yo, se pa pou yo ka sanble ak entèl ni se pa pou yo al nan konpetisyon. Daprè’m, jan’w pa ka viv san’w pa manje, dómi,bwè, ou pa ka gen bon sante san spó paske :

  • Moun ki fè spó gen mwens chans gen pwoblèm kè, sik, kansè ak tout lót maladi kronik nou konnen yo.
  • Li fè san’w sikile pi byen epi li travay atikilasyon’w ki vin fè’w pa gen kó rèd e lè w’ap granmoun, ou toujou plen enèji.
  • Li fótifye tout kó’w nèt sa ki fè’w gen ekilib. Nou ka suiv gen moun 60 an ki gentan bezwen baton tandiske gen lót 70 zan ki ap mache al nenpót kote, monte eskalye san okenn sipó.
  • Li ede kó’w elimine bagay li pa bezwen paske on spótif transpire anpil e li difisil pou’l gen problem konstipasyon oubyen problèm ren.

DSCF8602

 

  • Moun ki fè spó jere strès ak depresyon byen epi li fè’w dómi byen anpil.
  • Li konbat vyeyisman, apa de enèji li ba’w tout pandan la jap monte, on moun ki fè spó pa janm sanble ak laj li paske po’l bèl, pli yo pran plis tan pou’l parèt epi a koz d mwens stress ak plis kè kontan, li rete jèn.
  • Bon pa gen anpil moun ki konnen ke spó ede moun nan fè sèks , li fè’w pa fatige vit epi li fè’w pa gen kó fè mal.

Lis rezon pou fè spó a long anpil men mwen ba nou sa ki pi enpótan yo oubyen ke’m viv nan eksperyans pam. Yon moun pa oblije ale nan klèb spó pou sa paske gen anpil moun ki panse yo bezwen 2 a 3 zè tan chak jou, fók yo fè on bidjè spesyal pou sa etc. Bón nouvèl la se ke nenpót 30 minit mache vit, 15 minit sote kód ak lót egzèsis ki pa bezwen materyèl konplike ka fè on gro diferans nan lavi nou chak. Li pa janm tró bonè ni tró ta pou met on ti aktivite fizik nan lavi’w,selon jan w’ap viv ou ka chwazi kisa e kijan’w vle fè’l. Pa tann demen, pa tann pita, pa tann ou gen kób klèb spó, si’w kapab lè’w fin li atik sa, al fè on ti mache,on ti kouri, on ti sote deyó a.

Kèk konsèy pou byen manje

Sa rive souvan ke moun vin mande’m konsèy sou manje pou yo ka pedi pwa oubyen gen vant plat men m plis remake ke konvèsasyon byen manje plis enterese granmoun lè yo kómanse mache kay doktè ki ap fè yo konprann ke gen anpil nan maladi yo genyen yo( ke ‘ n pale d plizyè deja) se a koz de jan yo manje ki dè fwa trè mal balanse. Swa ou manke proteyin, ou pran tróp grès, ou pa fè chemen legim ditou, ou manje tróp bagay ki pa pot anyen nan kó’w, ou manje tróp sik etc. Èske gen on resèt inivèsèl pou on moun byen manje ? Èske sa depann de si’l vle grosi, megri,fè sik,gen problèm tansyon ? Pandan’m nan travay mwen, Medgine, yon bon zanmi’m ekri’m pou’l di’m li kómanse ak rejim li rèd semèn sa e ke maten an li manje fwi sèlman epi a midi li gen on ti salad leti , tomat ak kreson ki ap tann li. Lè’l fin fè spó vè 7h, l’ap jus manje on bonbon sèl ak on ti ji nan bwat ke’m pa sonje non an. Mwen menm ki realize ke nan tout sa’l di’m yo gen anpil bagay ke kó’l bezwen li pako pran, map tann toujou c lè sa’m realize ke ‘l fini. Aló lè’m fin ba’’l opinyon pam sou sa’l sot di’m yo, mwen kouri vin ekri atik sa o ka ou gen plizyè moun ki ap manje tankou zanmi’m. Kijan ou ka asire’w ke’w pap detrui sante’w nan jan w’ap manje e bwè ?

  • Evite manje bagay ki pa natirèl paske anpil ladan yo pase nan laboratwa e pèdi anpil engredyan ki bon pou ków e yo ajoute anpil lót atifisyèl ki k menm baw kansè aprè anpil tan.
  • Fè yon jan pou’w gon meni pou chak jou e gen engredyan sa yo lakay ou paske lè ‘w pa konn sa’w pral manje ni’w pa prepare yo a lavans,w’ap toujou pran nenpot sa’w jwenn e trè souvan sa’n jwenn pi fasil yo se pa yo ki pi bon pou sante nou.
  • Manje legim o mwen 3 a 4 fwa pa jou paske se ladan yo wap jwenn vitamin ak mineral ki ap konplete saw ap manje a e ede’w byen dijere.
  • Toujou sonje bwè dlo pandan jounen an e’w pa oblije tann ou santi swaf pou’w bwè dlo paske depann de klima a, ou ka swaf pi vit or pa janm santi’w bezwen dlo men kó’w fèt a 60% dlo plizoumwen e li elimine dlo sa nan swe ak pipi aló li enpótan pouw ranplase l.

Repas

  • Fon jan pou’w manje 1 a 3 fwi pa jou, sa ap ogmante kantite enèji sistèm ou nan aktivite w’ap mennen nan jounen an.
  • Toujou sonje pran on bon kantite protein (vyann,ze,pwason etc) nan jounen an sitou si’w se on moun ki trè aktif nan sa l’ap regle oubyen ki ap fè spó.
  • Limite kantite kleren ‘w bwè pa jou ou pa semèn paske aprè anpil tan ap byen tuip nan tafya, ou ka fini ak problèm fwa, maladi nan tèt, li ka bese sou kapasite’w pou konsantre sou sa w’ap fe, randman’w nan spó, kansè nan bouch, gój etc.
  • PA FIMEN, mwen met dènye konsèy sa an gro paske menm si se pa pou manje l ye dirèkteman, fimen tèlman bay problèm sante(kansè poumon, problèm nan bronch, problèm nan kè, ou fatige vit) ke’m pat ka pa mete’l nan lis sa.

Gen anpil lót konsèy ke’w ka jwenn sou jan pou’w manje men gen ti varyasyon ki pral depann de objektif ou ak eta sante’w pa egzanp on moun ki vle megri ak on moun ki vle pran pwa pap gen menm rejim. Oubyen on moun ki gen istorik sik ou tansyon nan fanmi’l dwe fe anpil atansyon ak sa l’ap manje men mwen panse ke manje natirèl, bwè on kantite dlo ak fè on minimóm de aktivite fizik(menm si’w pa gen tan ou bidjè pou gym) ka ede’w viv pi byen et jwi de on sante ki djanm. Pa bliye trè souvan problèm fwa, poumon , kè touye anpil gro zotobre paske gon eta sistèm ou gentan ye, lajan pa ka fè anyen pou ou, pa gen tretman ki ka sove’w, evite miyó pase mande padon.

Yves Marcelin Borno

Enpótans manje nan vi nou

Kalite oswa kantite ?

Pou anpil moun, byen manje vle di bon nan bouch yo epi vant yo byen plen. Yon bèl pate kóde ak bon jan ze, hotdog, pikliz ak aransó! Yon bèl plat diri kole ak vyann ! Yon bon ti fritay pou ki kraze yon grangou nan aswè !

Men èske manje dwe selman pou gou ak kantite ? Èske no pa ta dwe fè plis atansyon ak KALITE sa n ap konsome ak konsekans li genyen sou kó nou ?

Rapó ant kó nou ak manje

Machin pa fonksyone san gaz. Kó nou pa fonksyone san manje. Lè yon machin pran nan move gaz li mache mal. Le konsa motè a deranje e n oblije fè anpil depans nan repare machin nan. Akimile move abitid nan jan nou manje ak nan sa nou manje fè lakoz bon jan dega menm jan an tou nan kó nou e menm pi mal paske gen dega ki fet nan sistem nou nou oblije rete viv ak yo.Sak fè sa nap manje enpótan konsa?

Kèk wól manje jwe nan lavi nou ka ede’n pi byen wè enpótans pou nou vrèman veye san’ap konsome.

Sa manje fè pou nou

Kó nou bezwen enèji pou’l fonksyone e se nan manje n’ap manje ke li jwenn li. Reyaksyon chimik nan kó nou pèmèt ke oksijèn nou respire a ak manje n’ap konsome a transfóme an enèji pou nouri selilyo e pèmèt yo fonksyone nòmalman. Byen manje ka pèmèt nou byen grandi, fè zo nou djanm, fè san nou sikile byen, aji sou kapasite aprann nou,fè timoun nou yo jwenn tout sa yo bezwen nan lèt nou (si nou nouris),li ede kó nou konbat mikrób e kwape plizyè maladi.

Change-the-Quality-of-Your-Food-Before-You-Change-the-QuantityKèk move konsekans mal manje

Mal manje fè kó w pa byen, ou pa viv byen, po w pa bel jan w ta vlel la, cheve w pa vini jan w ta renmenl lan, ou respire mal, sistèm ou mal fonksyone. Apre plizyè ane, sa lakoz sistèm kó a kómanse degrade an plis de laj k’ap monte, lè konsa kó a kómanse pa ka goumen menm jan an ak viris, ni dijere menmjan’l te konn fèavan. Nan maladi ki pi kouran nou ka site ki gen relasyon ak sa nou konsome pandan plizyè lane, gen anemi, obezite, kwatchókó, osteyopowoz, pwoblèm nan kè, kansè fwa ak kansè pankrea, problèm tansyon ak sik, elatriye.

Ou ka amelyore sa

Pouvwa pou w amelyore jan w manje, pou w veye kalite sa w ap manje a nan men OU ! Aprann konnen kó w, konnen kisa li bezwen pou l byen fonksyone, kisa ki pa bon pou ou oswa ki ka menase sante w si w konsome l. Sa yon moun ki soufri anemi plis bezwen nan manjel pa fóseman sa yon moun ki gen pwoblem po bezwen. Metabolis tout moun pa menm. Chak moun se yon moun inik, kidonk chak moun dwe veye sou jan l ap manje pa rapó ak sitiyasyon pa li.

Ann Wigmore, yon gran save nan domèn manje ak lasante te di : Manje w ap manje ka medikaman ki pi efikas pou kó w oswa pi gwo pwazon an pou li. Chak tan w pral foure yon bagay nan bouch ou, pa bliye !Desizyon sou KALITE manje wap manje a se nan men w li ye.

Kilè yon manje bon pou kó nou? Koman nou kapab fè pi bon chwa nan sa nap manje ?

Rete branche….

Yves Marcelin Borno